dimanche 13 mars 2011

Grand dossier sur le carnaval


Carnaval se yon fet payen ki soti an ewop ki ouve wout kote pov ak rich kapb fete ansanm se kolon ak Franse ki  antre an amerik ak fet popile sa sa na komansman xvi e syek.
yon banbock esklav afriken yo pwal transfome ak tribin kote yo te soti an afrik. Sila yo ki li nan gwo liv, vle defini kanaval tankou yon charyo naval nan sak gen pou we ak fanmi mo sa an latin ki vle di carrus Navalis.
Kom kwa se fet romen Isis ki se dye maryaj ak Fanmi.Gen lot save ki di yo menm Kanaval la se yon selebrasyon Lupercales yon mo romen ki vle di pwotekte Zannimo ak Jaden.
Yon apwoch biblik ta vle fe kwe nan lan 9 apre jezikri kote yo te konn entedi moun maje vyann pandan 40 jou,epi fe jen soti mekredi le sann rive dimanche pak.
Dire kanaval la konn varye selon fason tan karem lan pozisyone nan kalendriye yo.malgre tout definisyon sa yo sa pa anpeche kanaval la rezime ak yon sel mo banboch oswa fet popile.pa bo lakay pan ou kanaval la pran rasin li nan peryod tan kolonyal yo se te yon moman kote gran palnte kolon yo ak esklav te konn mele ansanm pandan plizye jou.
Na moman sa tout moun t’ap koule bweson.
chak ane kip ase gen nouvote anplis ki mete jiskaske yo antre net al kole kanaval la na kalendriye.Ane pase ane vini nouvote pa sispann mete kom nouvote ki mete yon fason pou atire plis moun nan kanaval la.Kom nouvote nou jwenn Chalosca, lamayot, Machann fey,Ti pike, Choucoune, janm de bwa, bef elatriye.
 Kanaval la an Ayiti divize an 2 pati :
Egzesis pre kanavalek ak 3 jou gray yo.
Egzesis pre-kanavalesk yo organize chak dimanch,dire dimanch banbock sa yo konn varye  an fonkyon dat ki kenbe nan kalandriye yo.Pandan egzesis  sa yo , nana ne ki pase yo se bann a pye, chalosca, lamayot  ak lot anko ki konn pote gete nan ke patisipan yo , yon tradisyon ki chanje kote se DJ ak bann a pye ki mete  animasyon.
Deziem pati kanaval la se kise 3 jou gras yo se moman anpil sitwayen pa negosye kote soti dimanch pou rive  madi se gwo defile soti nan mering kanaval kap pase sou tout estasyon radio, fanatic kap pare pou souke drapo djaz yo sou chann mas pase pran bel defile dans chan tout kalte  ki vle   vew viv pase pran indien indou arab dese siklis morosiklis janmm debwa, Ti Pike Choucoune Gwo dada ak lot mask anko. San bliye polemic ki konn genyen ant djaz yo.Kesyon polemic sa se tout yon istwa na gen tan rive sou li.Men avan nou pa ka bliye pale sou Ren kanaval ,Wa, ak tem ki kenbe pou fet popile sa ak kesyon ore kanaval la.

Se nan lane 1927 Ayiti pwal organize kanaval ak ren ak yon demwazel kit e rele Camille Duplesis ki ta pwal marye kek mwa apre ak Gotran Rouzier. Nan Epok saw a se te yon manken an bwa kit a pwal boule devan tribun ofisyel la. Le sa kanaval te konn komanse soti 3 ze apremidi pour rive 6 ze nan aswe.
Nan lane 1938,oganizate yo pwal oganize  pwal ranplase wa maken ak yon jenn gason  ki pote nom Menos Sauvageur ki pandan 3 jou kanaval yo kanpe sou yon cha ki byen dekore bo kote renn kanaval la ap voye men baw piblik la.
Sin fe yon lot kout je nan kesyon ore kanaval yo se lane 1948 sou prezidan Dumarsais Estime Kanaval pwal komanse a 6 ze pou rive 8 nan aswe.
Chwazi tem yon kanaval se tankou ba li nam asosyel ak yon ide yon konsept koule ki mache avel. Nou ka raple nou kek tem tankou « ‘’Rale mennen vini pou yon Ayiti vet, kanaval La jenes, Soley Leve ‘’» elatriye chak tem sa yo pati sou yon prensip, ofri yon imaj pozitif sou peyi dayiti.
Ki kote polemik ant djaz yo soti :
Si jodia nou ka we Djakout Tvice Kreyol la Krezi se gras ak Nemours Jean-Baptiste ak Webert Cisot.
Sa te komanse yon 8 Avril 1964, nan dat sa 2 djaz ki te pi popile nan epok sa t’ap jwe yon match pandan peryod kanaval. 2 teno mizik ayisyen yo Nemours Jean-Baptiste lide Konpa direk  blan ak wouj ak Webert Sicot  lide kadans Ranpa blan rouj vert ak nwa ta pwal jwe yon match, sou inisyativ Raoul Guillaume kite prezidan  Kleb exselsor nan epok la.
Jou 8 avril sa estad sylvio kato te akeyi 24 mil espektate kite fe deplasman pou asiste match sa. Yon match kite fini yon gol patou ant 2 ekip yo anba gwo lapli.se après macth sa mizik « ‘’Vive le Football la ‘’» te soti.
-      Men polemik la ale pilyen toujou nan ane 80 yo tout moun te sonje polemik difisil Gyspsie ki vinn tounen Dipi ak Scorpio fevers te konn mete fanatik 2 djaz sa yo fas a fas chak peryod kanaval. Sweet Mick yak Mizik Mizik nan ane 90 yo.
-      Sin kite polemik poun pale sou toya lot djaz ap voye sou lot oswa kek djaz konn pwofite pou mete nan men tout moun kip a dwat swa nan politik oswa nan sosyal.
-      Pandan  premeye okipasyon ameriken lan, apre koamndan ameriken an finn voye madanm li Angelica li ozetazini, akoz yo te anpil pwoblem nan koup yo, chante angelico angelico ale kay manmanw te soti. Mizik sa pale sou yon jen fanm kip a konn ni lave ni pase ki oblije ale kay manmanl.

-      Nan lane 1986  an menm kesyon toya sa  kek semen avan depa jean claude Duvalier yon bann a pye nan semak ki tap kreye animasyon ak yon sekey ki te gen foto Michele Bennet te gaye anba bal lapolis  bilan 4 moun mouri la ou ka konprann san dout depi kile ensekirite nan kanavl komanse.

-      Antouka sinn antre nan lane 1990 yo ak kek tit kanaval tankou manman poul la touyew ou ka genyen yon ide koman ti voye monte ti pwent ti toya ap soti.

-      Apre koudeta 1990 yo kite voye  ansyen prezidan Jean Bertrand Aristid ale nan kanpe lyen, yon bann apye sou bele te konn mete animasyon nan chante : Yopedi yon nan soule yo eskew ka ede yo jewnn yon nan pe yo. Ou ka few yon ide de kip e yo tap pale.

Kanaval se tout yon istwa ki pa Selman banbock ak plezi.
Eske yon moun ka pale kanaval sanl pa pale Jacmel.
Kanaval jacmel se yon melanj Koule ak animasyon. Se yon fet ki toujou tonbe yon semen avan potoprens.Anpil moun estime majistra potoprens yo konn pran poul sou kanval Jacmel pou oganize kanaval pa yo week-end apre. kanaval Jacmel  gen istwa pal tou kesyon  Chalosca kise yon nan mask ki toujou site nan kanaval.
Men Kote Chalosca soti:
Se te yon komandan kite rele Charles Oscar Etienne, kite responsab Jacmel nan moman li t’ap asire kontwol vil sa se te manman pitit mare senti gason pa kanpe. Nan potoprens kotel te transfere kek tan apre komandan Oscar te touye anviron 100 prizonye politik ou ka few yon ide li sot jacmel li antre potoprens. Pep la kite leve kanpe nan lane 1915 te pase a lenfinitif ni prezidan Villbrun Guillaume Sam ni komandan Oscar. Depi le sa pou sonje rel, soufrans,doule komandan Oscar te mete nan ke dives fanmi yo fe yon maskot ki gen yon gwo tet yon dan yo relel CHALOSCA.
-Men Fet popile sa koman yo oganizel sou plan finanye.
Oganizasyon kanaval an maje payi toujou jwenn sipoleta santral la ak sekte prive ayisyen. Men dapre sa listwa rakontre nan lane 1946  sekte prive afe pat deside kore kanaval la nan epok sa prezidan Dumarsais Estime te fe yon kanaval ak bann a pye selman.
Ane 2010 pase a pa premye ane kanaval pa oganize an ayiti  nan lane 1938 prezidan Stenio Vincent pat oganize kanaval apre masak prezidan dominiken nan epok la Trujillo te fe sou plizye milye ayisyen an 1937 sou fwontye ayiti ak sendomeng.
Nan lane 1928 popilasyon an pat patisipe nan kanaval prezidan Louis Bormo tap oganize  akoz dives chanjman li te vle pote nan rejwisans popile sa.Pep la te groupe yo nan legliz pou koupe fache ak kanaval saa.
Pi bel kanaval potoprens konnen se 1949, sou prezidan Dumarsais Estime Haïti konnen pi bel kanaval kite akeyi plizye touris.Dat sa a san dout montre se depi ane sa san dout Ayiti fe lajan nan ofri chan hôtel bel atisana ak touris sa yo.
Men jounen jodi menm si la pa rapote leta ayisyen lajan, gen kek komesan se le sa yo pwofite fe yon ti lajan anplis , Machann Bwa .Klou, Penti , Mouchwa, Bwason, pwofite fe yon ti lajan anplis ki pemet yo resoud kek pwoblem.
Nan domen sanite preyod kanaval montre se moman kote plis moun trape maladi oswa jenn fanm tonbe ansent nan banbile pran plezi anpil nan yo ouve wout pou maladi men gras ak kanpay sasibilizasyon yo anpil nan yo rive frennen sida oswa gwos avan le.
Pou ane 2011 sa pandan ayisyen yo ap selebre lavi y’ap bare kolera ki déjà voye pliyze milye moun nan peyi san chapo. Kanaval 2011 sa, rejwisans malgre kalve ple 12 janvye ki poko geri vle montre ayiyen gen lavi toujou menm si anpil nan yo se gras ak oxygene dives sitwayen gen je yo kap bat teleman mize ka grangou ap fini ak yo.
Eske moman se moman kanaval apre tout pwoblem peyia ?
Répons sa plizye sitwayen déjà bay li dimanch avan 3 jou gra yo .
Dimanch 6, lundi 7, mardi 8 pep la ap gen pou pwouve lemond antye depi tanbou frape ayisyen leve danse. Grandet yo toujou di depi plzye nasyon nan yon espas sel fason pou idantifye yon ayisyen se frape tanbou.
Frape tanbou jwe mizik kreye animasyon popilasyon an ap gen pou yaya ko se vre men san presans dives djaz popile ki pran desiyon pa patisipe nan kanaval ane sa.
Koman nou ka sevi ak kanaval la pou ofri yon bel sou peyi dayiti ?
Koman nou ka vann kanaval la ?
Se kek pami interogasyon nouvo prezidan an ta dwe panche sou li yon fason pou montre ak lemond Ayiti gen anpil vale riches Kiltirel ak bote Kreyol.

Aucun commentaire:

La BID satisfait des travaux de la caravane du changement

Le Président de la Banque Interaméricaine de Développement (BID), Luis Alberto Moreno, est satisfait des projets en cours dans le se...